Pwojè festival la

RASIN pa rete nan yon kad fèmen sèlman. An plis de dat mwa mas yo ki koresponn ak pwogramasyon entans festival la, se pandan tout ane a nou selebre kilti nou.

Prix Poésie Jean-Élie François

Se yon inisyativ pou onore eritaj literè Jean-Elie François e ankouraje yon nouvo jenerasyon powèt.

Atelye yo

Chak ane, pwogramasyon festival la ofri yon seri atelye sou diferan disiplin atizay tankou ekriti senik, slam, fotografi, sinema, papyemache elatriye.

Pwogram benevola

RASIN ofri opòtinite pou tout jèn ki enterese a òganizasyon evènman viv yon eksperyans inik selon abilite yo. Y ap ka aprann sou teren, pandan y ap bay kout men nan reyalizasyon festival la.

Kòm volontè, w ap ka kontribye nan prezantasyon, lojistik, akèy, ak sipò pou atis envite yo.